Reveil National denonse entènasyonal la yo di ki vle enpoze yon konsèy 7 manm pou dirije peyi a
  • 22 days ago
20240405 Regwoupman Politik ki pote non "Réveil National pour la Souveraineté d'Haïti" ak plizyè lòt òganizasyon sosyo politik ki siyen akò 5 mars 2024 la denonse kominote entènasyonal la yo di ki vle enpoze yon konsèy prezidansyèl 7 manm pou dirije peyi-a,pandan yo pwofite anonse yon jounen manifestasyon pou dimanch 7 Avril kap vini la, yon fason pou reklame ansyen senatè eli depatman Grandans lan Guy Philippe kòm nouvo prezidan pwovizwa peyi-a.
Recommended