Paska - Kè Poze (Official Video)

  • 2 years ago







Paska - Kè Poze (Official Video)


Réalisation : GuyBertho Clerger @Aguybstudios
Scenario : GuyBertho Clerger, Christian Surena
Chorégraphie : Sephora Drouillard @Dansalou
Studio : Muska Studio
Mastering : Pascal Laraque @lestudio_36

-------------------------------------------------------------------------

Pa pale de to dola
Pa pale de kowona
Pa pale de raz pa pale de gaz
M pa ka fè anyen pou sa
Pa pale de prezidan
Pa vin fèm fè sezisman
Deyò a deja gen twop pwoblèm
Genlè w pa wè matisan
Pa pale de gang ghetto
Pa pale de kob petwo
Pa palem de moun imigrasyon sendomeng ap bwote yo
Pa pale de kidnapping
Shhh yap fè shopping
Pito w banm yon gwog ak bon mizik poum chante

Kè poze kè poze ooooo
M bezwen ti kèm poze (2x)
Oooooooo (2x)

Yo dim pa pale men sim pa pale map toufe
Se pa dat map di mwen bouke
Men pa janm gen moun ki koute mwen
An reyalite
Se moman poun leve kanpe
Cause nou wè twop katon jaune katon rouj
Prrrr
Fok gen penalite

Fok tout neg depoze zam
Tout ti blok retounen kalm
Nou bouke domi leve san kouran
Se nan balèn poum pote kwam

Se pa pale mwen pa pale
Anyen pa janm chanje
M rete kwè yon jou m’a wè tout moun kap chante

Kè poze kè poze ooooo
M bezwen ti kèm poze (2x)
Oooooooo (2x)

Recommended