Rosemond Jean anonse mobilizasyon kèk òganizasyon ap òganize Vandredi 5 dawout kont gouvènman

  • 2 years ago
20220803 Kòdonatè jeneral FRONORHSD la Rosemond Jean anonse plizyè aktivite kèk òganizasyon tankou : Pro Jomo, komite 100 % dyaspora ak JTT ap òganize Vandredi 5 dawout kap vini la ,nan kad mobilizasyon kont gouvènman an plas la ki pa montre okenn volonte pou konbat fenomèn ensekirite ak kidnapin nan , nan peyi a. Nan okazyon an, Rosemond Jean fè konnen se yon estrateji politik kèk responsab pati politik ki di yo pran distans yo ak gouvènman Ariel Henry a.