[Verse 1] Fò’w wè a priori, gen anpil bagay pou'm di Nou pa bezwen fè bwi, ni kreye kalomni Pou jan n’ap mal aji, nou pa de timoun piti Nou bay tout enpòtans ak sa ki pa fè sans Nou vinn gen repiyans, jete tout tolerans Nou te yon referans pou sa ki kwè nan womans [Chorus] Nou imparfait Nou toujou prè pou’n fè lagè Nou san mezi nan sa n’ap di Nou pat janm fè konpromi Mwen rete kwè nou nan lanfè Ou pa wè nou san limyè Malgre’n soufri peri pesi Gade jan n’ap mal fini
[Verse 2] Men mwen m’ouvè de bra’m Pou nou sispann fè dram Joure se pi gwo zam Se fòt pa’w, se fòt pa’m Lanmou nou pèdi cham Gad eta’w, gad eta’m
[Chorus] Nou imparfait Nou toujou prè pou’n fè lagè Nou san mezi nan sa n’ap di Nou pat janm fè konpromi Mwen rete kwè nou nan lanfè Ou pa wè nou san limyè Malgre’n soufri peri pesi Gade jan n’ap mal fini [Refrain] Demisyone, mwen demisyone Dekouraje, mwen dekouraje Demisyone, mwen demisyone Dekouraje, mwen dekouraje [Bridge 1] Lanmou fè tan pase Mais l’amour entre nous c’est le passé Nou fè twòp chwa ki opoze Mwen di c’en est assez Mwen a bout de course, se fòs mwen’k kase Sèl chwa m’genyen se demisyone yeah
[Refrain] Demisyone, mwen demisyone Dekouraje, mwen dekouraje Demisyone, mwen demisyone Dekouraje, mwen dekouraje [Bridge 1] Lanmou fè tan pase Mais l’amour entre nous c’est le passé Nou fè twòp chwa ki opoze Mwen di c’en est assez Mwen a bout de course, se fòs mwen’k kase Sèl chwa m’genyen se demisyone yeah Cheri men lèt la (Cheri men lèt la) (Anmweyyy…) Lèt demisyon an Bagay sa twòp pou mwen Harmonik… Cheri men lèt la (Cheri men lèt la) Lèt demisyon an Bagay sa twòp pou mwen (Gad’on sezisman) [Bridge 2] M’ap mande eske se mwen, oubyen ou menm K’ap viv dans le déni M’ap mande kisa’k pase Nou te komanse byen, gad kote’n abouti
[Hook] Lanmou nou echwe, wi li echwe Fòk nou aksepte se fòt nou tou le de Lanmou nou echwe, wi li echwe Fòk nou aksepte se fòt nou tou le de [Bridge 2] M’ap mande eske se mwen, oubyen ou menm K’ap viv dans le déni M’ap mande kisa’k pase Nou te komanse byen, gad kote’n abouti [Hook] Lanmou nou echwe, wi li echwe Fòk nou aksepte se fòt nou tou le de Lanmou nou echwe, wi li echwe Fòk nou aksepte se fòt nou tou le de